10/07/2026
Vakans se moman pou detann, pran plezi, epi kreye souvni ki pap janm efase… ❤️
ERITAJ, LIZAY ansanm ak IDO Gwoup envite w, ansanm ak tout fanmi w, nan 2èm edisyon Festival Kiltirèl “LAGO-LAGO”, k ap fèt dimanch 26 jiyè 2026 nan Collège Kay Frè An.
🎟️ Antre: sèlman 50 goud (1 Jeton)
Vin pase yon jounen espesyal ki chaje ak:
🎭 Kilti ak animasyon
🎶 Mizik ak DJ
🎲 Jwèt pou timoun, jèn ak granmoun
🏆 Gwo prim pou genyen
🍽️ Bon manje ak bwason a bon pri
🎉 Anpil sipriz ak lòt aktivite
Festival sa a fèt pou tout fanmi an. Tout moun gen plas pa yo!
🎟️ Fonksyònman an senp: 1 jeton (50 goud) ba w aksè pou antre nan festival la. Anndan, w ap jwenn lòt jeton disponib pou patisipe nan jwèt ak divès animasyon yo.
Pa rate okazyon sa a! Vin pran yon bon dòz kilti, plezi ak chalè lakay. Nou tout ap tann ou! ❤️