11/08/2026
Ayiti 🇭🇹 bat Argentina 🇦🇷 nan match boxing 🥊 nan Santiago de Chile 🇨🇱 Samdi 8 Dawout 2026 e rive Chanpyon 🥇 nan konpetisyon kickboxing entènasyonal pou Amerik di Sid la anfas Ajantin🇦🇷.
Ayiti 🇭🇹 te Reprezante nan konpetisyon sa pa boxer Wisniel OSIRUS 🇭🇹 e Ajantin 🇦🇷 pa boxer HERNAN FARÍAS 🇦🇷.
Konpetisyon sa te fèt nan “GIMNASIO LA BANDERA SAN RAMÓN” Chile 🇨🇱.
Pèsonalite tankou Erick Toledo ki se pwofesè kickboxing Wisniel OSIRUS nan club Quilicura Chile 🇨🇱 te prezan.
Nou di felisitasyon a Wisniel OSIRUS 🇭🇹 pou efò, disiplin ak devouman li, jodya li fè drapo Ayiti a flote sou sèn entènasyonal la.
📷: Gesny Pierre-Louis