NO-J KILTI

NO-J KILTI Nouvo oryantasyon jèn yo (NO-J) se yon asosiyasyon sosyokiltirèl a karaktè komèsyal Nouvo oryant

Bondye: Inik Prensip Inivèsèl la;Bondye se pa yon èt.Li pa gason ni fi, li pa fache ni kontan.Li pa viv nan syèl, li pa ...
25/05/2025

Bondye: Inik Prensip Inivèsèl la;
Bondye se pa yon èt.
Li pa gason ni fi, li pa fache ni kontan.
Li pa viv nan syèl, li pa gen fòtèy, li pa jije, li pa padone.
Li pa fè mirak, li pa chwazi pèp.
Bondye se pa “bon-dye”.

Bondye se sèl prensip inivèsèl, inik, san limit, san fòm.
Li pa vin fè sa ou mande, ni li pa peye ni pini.
Li pa entèvni li egziste.

Li pa adore, paske li pa gen egoy.
Li pa konn renmen, ni rayi, paske li pa konsyans pèsonèl.
Li pa panse, men tout panse sòti nan li.
Li pa pale, men chak son se ekoulman li.
Li pa bezwen limyè li se sous tout limyè.

Lè dlo koule lè flanm danse lè syèl soufle lè tè kenbe
Se pa volonte li.
Se nati li, ritm li, lòd li.

Tout sa ki egziste sòti nan li,
Tankou limyè sòti nan solèy.
San bri san lòd san konkou.
Men tout sa li touche pran fòm.

Bondye se pa papa se pa manman.
Li pa gen figi paske li se tout sa ki posib.

Lwa yo pa ti bondye.
Yo pa sen ni lespri ki gen volonte.
Yo se ekspresyon fòs prensipal la,
Vibrasyon prensip la sou diferan frekans.

Simbi se mouvman dlo.
Ezili se chalè sansyèl ak enèji lanmou.
Ogou se prensip fèmte disiplin ak dife aksyon.
Gede se lè ak prizon lanmò ki louvri.

Yo pa bay erè ni favè
Yo se fonksyon prensip lan
kòm li pase nan reyalite nou.

Ou pa bezwen adore li paske ou nan li.
Ou pa bezwen chachel paske ou soti ladan li.
Lè ou viv ak klète ak atansyon
Ou pa apwoche li
Ou se li.

Nòt entèpretatif:
Nan vizyon sa a, “Bondye” se pa yon Bondye relijye li pa yon konsyans pèsonèl men yon Prensip fondamantal, san fòm ki se baz tout egzistans. Li pa panse li pa gen volonte. Li se lòd natirèl ki pa janm sispann.

Kat eleman klasik yo Dlo Dife Air Tè se manifestasyon prensip sa a, chak ak yon fonksyon enèjetik presi:

Dlo: mouvman, flèch tanperaman ak adaptabilite (Simbi).

Dife: aksyon chanjman volonte (Ogou).

Air (Lè): kominikasyon pasaj tansyon ak libète (Gede).

Tè: estrikti estabilite fwi ak baryè (Ayizan, Loko elatriye).

Lè kat eleman sa yo an ekilib nou jwenn imanifestasyon prensip Bondye a nan linivè ki toujou ap deplwaye tèt li san enteripsyon.
Sous nannan nago
Suivre la chaîne Nannan Nago🕯️⚔️🔯 sur WhatsApp  : https://whatsapp.com/channel/0029Vb66R3SL7UVZRdcD090n

Sipòte zèv atelye lakou eksperyans se sipòte vodou sipòte lwa Ann fè vodou ak yon lòt figi san nou pa itilize okenn imaj...
04/06/2023

Sipòte zèv atelye lakou eksperyans se sipòte vodou sipòte lwa Ann fè vodou ak yon lòt figi san nou pa itilize okenn imaj sen 100% vodou HT Yon boutèy bosou pou sèlman 1500g pou plis enfòmasyon rele oubyen ekri nou sou; +(509) 39905019/44632080
mèsi pou bon konprann nou bilolo

22/04/2023
03/03/2023
èskew nan rèv mw an???
20/11/2020

èskew nan rèv mw an???

06/12/2019

VOTE MISS CPE 2019 (DEMI-FINALE )
Neyshee-gaëlle ALY
008

Adresse

Avenue N Prolongée #17
Port-au-Prince

Téléphone

+50939905019

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque NO-J KILTI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à NO-J KILTI:

Partager