16/07/2026
Louis jean marie, se non jèn gason sa ki nan prizon ak 2 lòt akolit li depi 2017, aprè yo te fin vòlè yon moto epi wete lavi mèt moto a, nan komin Janrabèl (Nòdwès). 2 lòt konplis yo gentan al jwenn bawon pandan yo nan prizon an. Kanta pou misye, li kondane poul pase 12lane dèyè 4 miray. Li gentan pase 9, li rete 3lane ankò.