ph janjan chery

ph janjan chery Davidson CHERY | Pharmacien
Mwen ede w byen itilize pwodwi sante yo. kontakte m nan +509 44 20 5034 pou tout pwodwi sante w ta gen bezwen.

30/06/2026

CHOIX DE CARRIERE ET INFLUENCE
Kijan mwen te fè chwazi famasi kòm karyè.

29/06/2026

Recap sur mon passage à Carel in the Morning de Carel Pedre.

Ayiti cheri!Grenadye Alaso!❤️‍🔥🔥🔥🔥🔥
13/06/2026

Ayiti cheri!
Grenadye Alaso!❤️‍🔥🔥🔥🔥🔥

11/06/2026

Chak pasyans ke mwen rankontre nan yon ofosin se tout yon istwa apa.
Tou depann de nivo konpreyansyon li de medikaman yo, oubyen de lasante an jeneral, mwen dwe kominike yon fason ki klè pou li e pou m rasire m ke li konprann egzateman mesaj mwen vle fè pase.
Lavi yon pwofesyonèl lasante! Yon famasyen an patikilye pa bagay piti!
Yon mo espesyal pou chak pèsonèl lasante kap pote kole chak jou pou ede amelyore kalite lavi popilasyon an nan sak konsène lasante.

10/06/2026

Bon si genyen vre mezanmi😫😫 Poukisa pou m bay manti a ?

09/06/2026

Fason kliyan ki vini nan famasi yo panse nou kanpe epi fason nou kanpe reyèlman lè n ap sèvi yo.

06/06/2026
21/05/2026

PRAN TI TAN LI CAPTION NAN SVP!

Pou plizyè rezon ke anpil fwa nou inyore, moun yo pa souvan di nou koze yo jan yo ye an lè yo vini nan famasi yo. Kapab se yon kesyon relasyon konfyans ki manke devlope ant famasyen yo ak pasyan an, kapab se kesyon edikasyon moun yo pa fin genyen sou devwa ak responsabibilite famasyen yo anvè yo , oubyen yon mank nan konvèsasyon ke pwofesyonèl lasante yo pou yo mete pasyan ki vini kote yo an alèz pou yo kapab kominike san detou.

Objektif videyo sa a, pa pou ridikilize men se pito pou m idantifye pwoblèm lan nan yon ton komik men ki pou sansibilize nou pale ak famasyen yo. E pou famasyen yo tou aprann pale ak pasyan yo pou yo menm rive desele sa yo pa rive di nan konvèsasyon yo.



20/05/2026

Anpil fwa, li enpòtan pou pwofesyonèl lasante yo eksplike plis an detay an nan pi bon fason an kijan pou moun yo pran medikaman yo, oubyen konpòte yo fas ak kèk reyalite y ap fè sa.
Sa jis mande yon ti pasyans anplis!

19/05/2026

W ap pran vitamin ou yo nenpòt kouman?
Gwo erè! 🛑

Gen 2 gwo kalite vitamin, epi fason kò w absòbe yo depann nèt de sa ki nan lestomak ou :

1️⃣ Sa ki fonn nan dlo (Vitamin C ak tout gwoup B) : Yo bezwen dlo sèlman. Lè lestomak ou vid (20 minit anvan ou manje), se pi bon moman pou yo pase rapid nan san w. Si w bwè yo ak kafe oswa apre yon gwo repa, L ap redwi nan kantite k ap asimile nan kò w.

2️⃣ Sa ki fonn nan lwil/grès (Vitamin A, D, E, K) : Yo bezwen yon ti grès pou kò w ka byen asimile yo. Si w pran Vitamin D ou ak dlo sèlman san w pa manje, kò w ap jete yon gwo pati ladan l! Toujou pran yo pandan w ap manje yon repa ki gen bon lwil (ze, zaboka, lwil oliv, elatriye).

Anrejistre videyo sa a pou w pa bliye, epi abòne w pou plis konsèy lasante chak jou!

Adresse

Pétionville

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 18:00
Mardi 08:00 - 18:00
Mercredi 08:00 - 18:00
Jeudi 08:00 - 18:00
Vendredi 08:00 - 18:00
Samedi 09:00 - 17:00
Dimanche 09:00 - 17:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ph janjan chery publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager