Ayiti Mekonpa

Ayiti Mekonpa Page d'actualité socioculturelle

18/06/2025

Mwen konn non li, se mwen ki bal non Tilou a.
Lang li lou anpil mwen oblije relel Tilou.

18/06/2025

Eske ak 4 chiffres sa ekip la ap bingo ?
Mwen men mwen pap jwel.
Mwen pa gen konfyans nan li, solution problème nan plis ke sa.

Yonn nan pi gwo pwoblèm ki kòz ti mesye yo ap pèdi vwa epi detone se yon mank de teknik vokal.-Ti mesye yo dwe Konnen Li...
16/06/2025

Yonn nan pi gwo pwoblèm ki kòz ti mesye yo ap pèdi vwa epi detone se yon mank de teknik vokal.
-Ti mesye yo dwe Konnen Lid pa fèt nan menm nivo ak koral.
-Yon chantè pa dwe gaspiye vwal, yon nèg kap chante nan Grand Orchestre Septentrional ak ORCHESTRE TROPICANA D' HAITI dwe pale sil gen bezwen paske toutan kòd vokal yo pran plis repo sa pèmèt ou gen plis pwisans.
(Pa bliye de djaz sa yo se djaz ki jwe preske chak jou sitou nan epòk chanpèt)
-Li enpotan pou ti mesye yo fè anpil rejim, paske Saw konsome ka gen gwo enpak sou kalite vokal ou.
-Li nesesè pandan jounen an pou timesye yo pran yon ti tan pou yo fè kèk egzèsis vokal. NB: Egzèsis vokal pa vle di chante pou sa.
-Somèy ka pèmèt nou rejwenn anpil enèji ke nou pèdi, apre bal, nan moman konje nou sipoze domi anpil.

Se te kèk ti Konsèy Ayiti Mekonpa te pote pou nou, mwen panse sa ap ede nou anpil.

Ekip Ayiti Mekonpa a ap voye yon gwo kou chapo pou Tisore ak Poly yè swa ki fè Yon nòt ki akseptab.Kontinye travail ti m...
13/06/2025

Ekip Ayiti Mekonpa a ap voye yon gwo kou chapo pou Tisore ak Poly yè swa ki fè Yon nòt ki akseptab.
Kontinye travail ti mesye nou vo plus ke sa.

Nap felisite maestro a ki te koute konsèy nou, Paskalito ede koral la anpil men nou twouve li tap pi bon poul te gen pwop mikro li bò kibòd la. Paske li fatigan lèl ap fè ale vini nan mikro saks yo.
Septen un jour Septen toujours.
Félicitations à toute l'équipe du Grand Orchestre Septentrional.

Menm jan sa toujou yè yès swa nan Opèch chodya a te byen bouyi nan tou de bò yo.
13/06/2025

Menm jan sa toujou yè yès swa nan Opèch chodya a te byen bouyi nan tou de bò yo.

12/06/2025
12/06/2025

Fèy yo vin mouri nan kò pye bannann nan.
Sa fèm konprann se pye a ki pilye a se pa fèy yo.

Aprè yon sondaj ekip Ayiti Mekonpa a te reyalize nan dat 3 juin ki sot pase a, nou reyalize ke gen 80 a 85% fanatik, mel...
10/06/2025

Aprè yon sondaj ekip Ayiti Mekonpa a te reyalize nan dat 3 juin ki sot pase a, nou reyalize ke gen 80 a 85% fanatik, melomà pa dakò pou ekip Grand Orchestre Septentrional la ta refè sifas ak Ti kalo.
Rezon:
Selon temwanyaj yo, chantè a se yon kansè pou djaz la, li pa gen prensip ditou, li pa gen respè pou pèsòn, li gen foli sipèsta e li toujou sou.

10/06/2025

Selon yon sous pwòch administration Grand Orchestre Septentrional, 3.000.000 milyon goud ke ministè kilti te bay Septen an pa mal jere ni Rico pa pran kob la poul regle zafè pèsonèl li jan anpil moun ta fè kwè.
Kòb la ap depanse pou rezoud kèk pwoblèm entèn ke djaz la genyen takou zafè petisyon, patant ak lòt ankò.
Nap soulinye pou tout fanatik ke zafè patant djaz la gentan fin jere.

09/06/2025

Pita Map fè Yon ti pale sou kesyon 3.000.000 goud la.

Grand Orchestre Septentrional Pou moun kap mandem sam panse de Ti Lou ? Pou  mwen Eleman sa pap ka fè djob la.Mwen tap k...
09/06/2025

Grand Orchestre Septentrional
Pou moun kap mandem sam panse de Ti Lou ?
Pou mwen Eleman sa pap ka fè djob la.
Mwen tap konseye ekip la kite Poly ak Ti Sore fè djob la, pandan Paskalito, Grégory ak Miratèl ap ede nan koral la annatandan yo jwenn Yon bon chantè.

Konsèy mwen pou Poly ak TiSore :
Mesye fok nou jere vwa nou, evite pale nan moman repi yo, asire nou ke vwa nou byen mikse se Yon fason poun pa twò redi.
Sin konn itilize alkòl, li nesesè poun diminye kantite a oubyen nou pa pranl ditou.
Epi apre bal nou dwel Al repoze
Evite pale anpil lèn nan machin nou pral jwe ni lè nap sot jwe.

Adresse

Tropicana
Limonade

Téléphone

+50937437459

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayiti Mekonpa publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager