Tè Ayiti Info

Tè Ayiti Info Tè Ayiti Info �
Tout sa k ap frape Ayiti
Nouvèl • Flash • Aktu
� Verite san makiyaj

Concacaf mete abit ayisyen yo sou sèn entènasyonal : yon nouvo etap nan ekselans! mete an valè konpetans Ayiti nan domèn...
26/03/2026

Concacaf mete abit ayisyen yo sou sèn entènasyonal : yon nouvo etap nan ekselans!

mete an valè konpetans Ayiti nan domèn abitaj, lè li chwazi kat abit ayisyen pou dirije match pandan fenèt FIFA mwa mas 2026 la. Se yon gwo rekonesans ki montre kijan abit ayisyen yo ap pran plas yo sou sèn rejyonal la.

Abit ki chwazi yo se: Patrick Sénécharles, Loudjimy Honorable, Wikelson Bonnet ak Bladimyr Cadely. Chak nan yo pral ofisye nan de match, 27 ak 30 mas, kote yo pral gen pou montre disiplin, konsantrasyon ak bon jijman.

🌟 Yon fyète pou Sid la

Yon atansyon espesyal pote sou Bladimyr Cadely, ki soti Okay (Les Cayes). Parcours li se yon egzanp klè detèminasyon ak disiplin, e li kontinye leve drapo vil li ak peyi a byen wo. Prezans li nan nivo sa a montre klèman potansyèl ki genyen nan Sid peyi a.

Seleksyon sa a se pa sèlman yon siksè pou moun yo chwazi yo, men tou pou tout Ayiti, paske li bay jèn yo modèl pou swiv epi li ankouraje yon nouvo jenerasyon nan abitRadio Television CaraibesClin d'oeilCayes InfoMetrópolesTè Ayiti Info etrópolesTè Ayiti Info @

🔥 Ayiti ap kontinye fè bri, menm nan abitaj!

Supremasi Cayenne : Fc Juventus des Cayes premye kalifye pou playoff yo apre gwo viktwa 3-0FC Juventus des Cayes kontiny...
25/03/2026

Supremasi Cayenne : Fc Juventus des Cayes premye kalifye pou playoff yo apre gwo viktwa 3-0

FC Juventus des Cayes kontinye fè pale de li nan chanpyona nasyonal premye divizyon an, apre li fin bat Racing ak yon gwo skò 3-0 nan yon match anreta premye jounen an.

Ak viktwa sa a, ekip la vin premye klib ki ofisyèlman kalifye pou playoff yo, yon reyalizasyon ki konfime bon fòm li depi kòmansman sezon an.

Depi apre tit li te ranpòte sezon pase a, Juventus des Cayes ap montre yon nivo konstans, disiplin ak dominasyon ki mete li pami pi gwo pretandan pou chanpyona a ankò. Pou ekip sa a, rive nan playoff pa yon objektif ankò, men yon abitid.

Avèk 8 pwen sou 12 posib, ekip la montre yon gwo solidite, sitou nan zòn Sid la kote li rete envaincu nan seri clôture a. Plis pase rezilta yo, se fason yo jwe a ki frape: yo kontwole jwèt la, yo efikas, epi yo fè diferans lan chak fwa sa nesesè.

⚽ Detay sou gòl yo:
• 🥅 Guetz Synvilcat louvri skò a nan 25e minit, apre yon bèl aksyon Valdory Jean Bernard
• 🥅 Séraphin Jachaziel double avantaj la nan 43e minit sou yon bèl kout franc
• 🥅 Eddyson Elistin fini travay la nan tan siplemantè (90+1), apre yon bon konbinezon ak Onelson Dorante

Malgre plizyè lòt okazyon, skò a pa chanje, sa ki montre solidite defans ak bon òganizasyon ekip la.

Rezilta sa a pa yon aza, men li soti nan yon travay kolektif serye, kote jwè yo, antrenè yo ak dirijan yo mete tèt ansanm pou rive nan yon sèl objektif: ekri non klib la nan istwa foutbòl ayisyen an.
Pwochen randevou ⚔️

Juventus des Cayes ap jwe dènye match faz regilye a samdi 28 mas, kote li pral deplase pou al rankontre Violette AC nan yon match ki deja anonse cho.
🔥 Juventus des Cayes pa suiv chemen, li kreye pa li. E listwa a kontinye ap ekri…
Radio Télé MétronomeRadio Television CaraibesClin d'oeilCayes InfoMetrópolesTè Ayiti Info Berthin BazelaisFootball TogetherFoot MercatoDony Anlè Tout Kote

🛣️ KOMINIKE POU LAPRESMTPTC akselere reyabilitasyon tronson wout Kafou Ayewopò – Ri 5 – Boulva nan Okap📍 Cap-Haïtien, 13...
17/03/2026

🛣️ KOMINIKE POU LAPRES

MTPTC akselere reyabilitasyon tronson wout Kafou Ayewopò – Ri 5 – Boulva nan Okap

📍 Cap-Haïtien, 13 mas 2026 — Nan kad aplikasyon plan aksyon gouvènman tranzisyon an ki dirije pa Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) anonse li ap akselere travay reyabilitasyon sou aks wout ki konekte Kafou Ayewopò ak Ri 5/Boulva.

Inisyativ sa a antre dirèkteman nan priyorite gouvènman an ki vize retabli sikilasyon lib moun ak machandiz, yon eleman kle pou relans ekonomik ak estabilite peyi a.

Travay yo ap fèt anba sipèvizyon dirèk Minis TPTC a, enjenyè Joseph Almathe Pierre Louis, dapre oryantasyon estratejik Primati a.

Nan okazyon sa a, minis la raple youn nan gwo angajman li te pran pandan diskou envestiti li : pase soti nan yon administrasyon planifikasyon pou rive nan yon administrasyon aksyon sou teren, kote chak pwojè dwe fini avèk rapidite ak disiplin teknik.

🔧 Travay ki prevwa sou tronson an :
• Netwayaj total platfòm wout la
• Rekòmanse kèk travay tè (terasman)
• Fini konstriksyon kanalizasyon ak twotwa yo (15% ki te rete)
• Mete kouch fondasyon (0/40)
• Aplikasyon cut-back
• Mete dènye kouch asfalt la

MTPTC reafime angajman li pou modènize enfrastrikti wout yo atravè peyi a, epi pou transfòme pwomès gouvènman an an rezilta konkrè pou popilasyon an.

📰 Tè Ayiti Info
des Travaux Publiques Transports et CommunicationRadio Télé MétronomeRadio Television CaraibesClin d'oeilCayes InfoTè Ayiti Info Metrópoles

🌴 Minis Touris la fè vizit evalyasyon nan lokal MTIC ak POLITOURMinis Touris ak Endistri Kreyatif yo, Stéphanie Smith, t...
16/03/2026

🌴 Minis Touris la fè vizit evalyasyon nan lokal MTIC ak POLITOUR

Minis Touris ak Endistri Kreyatif yo, Stéphanie Smith, te fè yon vizit evalyasyon lendi sa a nan lokal Ministè Touris ak Endistri Kreyatif (MTIC) ansanm ak Police Touristique d’Haïti (POLITOUR) ki chita nan Champ-de-Mars.

Demach sa a antre nan volonte minis la pou fè yon evalyasyon teknik sou enfrastrikti yo, pou idantifye mezi ki nesesè pou reyabilite yo ak remet yo an fonksyon, pandan y ap respekte tout nòm administratif ak operasyonèl ki egzije yo.

Pandan vizit la, minis la te rankontre responsab ak ajan inite estratejik sa a, ki kowòdone pa Mario Valetrain. Inite sa a gen misyon pou asire sekirite sit touris yo ak aktivite touris yo atravè peyi a.

Nan diskisyon yo, minis la te felisite ajan POLITOUR yo pou angajman ak pwofesyonalis yo, pandan li te raple enpòtans wòl yo nan ranfòse sekirite touris epi amelyore imaj Ayiti kòm yon destinasyon touris.

📰 Tè Ayiti Info
Télé MétronomeRadio Television CaraibesClin d'oeilCayes InfoMetrópolesTè Ayiti Info Présidence d'Haïti

📰 DINEPA ranfòse kapasite operasyonèl OREPA-Ouest ak nouvo ekipman📍 Pòtoprens, 11 mas 2026 — Direction Nationale de l’Ea...
13/03/2026

📰 DINEPA ranfòse kapasite operasyonèl OREPA-Ouest ak nouvo ekipman

📍 Pòtoprens, 11 mas 2026 — Direction Nationale de l’Eau Potable et de l’Assainissement (DINEPA) franchi yon nouvo etap nan ranfòsman kapasite operasyonèl li yo ak mete an sèvis plizyè nouvo ekipman pou OREPA-Ouest, atravè CTE-RMPP.

Aktivite sa a te fèt nan prezans manm laprès ak responsab enstitisyon an nan lokal CTE-RMPP nan Mais-Gâté, kote yo te prezante nouvo materyèl ak ekipman ki pral ede amelyore fonksyònman sèvis dlo potab ak asenisman yo.

Pami ekipman ki mete an sèvis yo genyen :
• 24 radyo kominikasyon frekans wo, ki pral ede amelyore kowòdinasyon ekip yo sou teren;
• Apeprè 12 motosiklèt, ki pral sèvi pou fasilite deplasman ak entèvansyon ekip teknik yo;
• 2 pickup Toyota Land Cruiser, pou ranfòse kapasite lojistik ak operasyonèl sant la.

Inisyativ sa a antre nan vizyon modènizasyon Direktè Jeneral DINEPA a, Théophil Ostinvil, ki vle ranfòse efikasite sèvis piblik yo malgre kontèks difisil peyi a ap travèse.

Ranfòsman kapasite OREPA-Ouest la pral pèmèt enstitisyon an vin pi efikas nan jesyon sèvis dlo potab nan rejyon Lwès la, pandan li kontinye travay pou amelyore sèvis yo pou popilasyon an.

📰 Tè Ayiti Info
Télé MétronomeRadio Television CaraibesClin d'oeilTè Ayiti Info

12/03/2026

Asasinay Jovenel Moïse : Martine Moïse fè gwo revelasyon devan yon tribinal nan Florid
Daprè Radio Télé Métronome
Nan dosye asasinay ansyen Prezidan Jovenel Moïse, ansyen premye dam nan, Martine Moïse, fè plizyè revelasyon ki fè anpil pale pandan li t ap temwaye devan yon tribinal nan Eta Florid, Etazini.

Li deklare li konvenki ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ta enplike nan asasina mari li.
Dapre medya CBS News Miami, Martine Moïse mete dwèt tou sou ansyen Premye Minis Ariel Henry, ansanm ak kèk gwo biznisman nan sektè prive ayisyen an, ke li di ta gen patisipasyon yo tou nan krim nan.
Dapre deklarasyon li, biznisman sa yo te fache anpil kont Jovenel Moïse, paske ansyen prezidan an te pran desizyon anile kèk kontra yo te genyen ak gouvènman ayisyen an.

Li eksplike kontra sa yo, selon li, te siyen deyò règ ak pwosedi legal ki egziste yo.

Dosye asasina Jovenel Moïse, ki te asasinen nan rezidans li nan Pèlerin 5 nan lannwit 7 jiyè 2021, kontinye ap fè anpil pale ni ann Ayiti ni aletranje, pandan ankèt ak pwosè yo ap kontinye.
Tè Ayiti Info Clin d'oeilCayes InfoMetrópoles

🩺 Reyinyon Platfòm Nasyonal Sante Repwodiktif, Matènèl, Neyonatal, Timoun, Adolesan ak Twazyèm Laj (SRMNIA)Mèkredi 25 fe...
10/03/2026

🩺 Reyinyon Platfòm Nasyonal Sante Repwodiktif, Matènèl, Neyonatal, Timoun, Adolesan ak Twazyèm Laj (SRMNIA)

Mèkredi 25 fevriye pase a, Direksyon Sante Fanmi nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te òganize yon reyinyon platfòm SRMNIA, an kolaborasyon ak Global Financing Facility (GFF).

Reyinyon sa a te fèt an prezans Direktè Jeneral MSPP a, Gabriel Thimothé, Direktè DFS la Cassandre Milord Michel, plizyè direktè santral, patnè teknik, ansanm ak kad ministè a.

Objektif rankont sa a se te ranfòse platfòm nasyonal la kòm yon espas estratejik pou dyalòg, kowòdinasyon ak mobilizasyon resous pou sipòte aplikasyon Plan Estratejik SRMNIA ak Twazyèm Laj 2026-2030.

Reyinyon an vize tou:
• ranfòse envestisman pou sante fanm, timoun, adolesan ak lòt gwoup vilnerab yo;
• amelyore lidèchip nasyonal ak gouvènans nan sektè sante a;
• ankouraje bon patenarya pou akselere rediksyon mòtalite matènèl ak timoun ann Ayiti.

Inisyativ sa a montre angajman MSPP, ak sipò estratejik GFF, pou kontinye fè pwogrè nan devlopman ak ranfòsman sistèm sante peyi a.

📰 Tè Ayiti Info
Télé MétronomeRadio Television CaraibesMinistère de la Santé Publique et de la PopulationTè Ayiti Info Cayes InfoClin d'oeil

🎓 Minis Edikasyon an òganize yon atelye estratejik ak direktè teknik yoMinis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ...
10/03/2026

🎓 Minis Edikasyon an òganize yon atelye estratejik ak direktè teknik yo

Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Vijonet Déméro, te reyini tout direktè teknik Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) yo nan lokal Enspektora Jeneral la pou yon atelye travay estratejik.

Rankont sa a te fèt pou pèmèt responsab yo reflechi ansanm sou gwo oryantasyon ministè a, mete aksyon diferan direksyon teknik yo an amoni, epi ranfòse kowòdinasyon entèn pou amelyore pèfòmans ministè a.

Atravè atelye sa a, minis la vle mobilize tout kad teknik yo alantou yon vizyon komen, pou ogmante efikasite aksyon Leta nan sèvis edikasyon ann Ayiti.

📰 Tè Ayiti Info

HAITI Officiel
Radio Télé MétronomeRadio Television CaraibesCayes InfoTè Ayiti Info de l’education nationale et de la formation professionnelle

🇭🇹⚽ Vizit koutwazi Duckens Nazon nan Anbasad Ayiti an FransParis, 6 mas 2026 — Anbasad Ayiti an Frans te resevwa, vandre...
07/03/2026

🇭🇹⚽ Vizit koutwazi Duckens Nazon nan Anbasad Ayiti an Frans

Paris, 6 mas 2026 — Anbasad Ayiti an Frans te resevwa, vandredi 6 mas 2026, yon vizit koutwazi foutbolè entènasyonal ayisyen Duckens Nazon, ki se youn nan pi gwo atakan seleksyon nasyonal la.

Vizit sa a te yon okazyon pou Nazon remèsye Anbasadè Ayiti an Frans, Louino Volcy, pou demach li te fè ansanm ak Centre de crise et de soutien du Ministère de l’Europe et des Affaires étrangères ak Ambassade de France en Azerbaïdjan. Demach sa yo te pèmèt li travèse fwontyè Iran ak Azerbaydjan, kote li te bloke apre kèk evènman ki te rive nan Iran ak nan rejyon an.

Pandan rankont lan, Duckens Nazon, ki fèk fini pi gwo gòlè nan eliminatwa Coupe du Monde 2026 nan zòn CONCACAF, te pwofite pale ak pèsonèl anbasad la sou kalifikasyon istorik seleksyon ayisyèn nan, vizit li nan Pari, ansanm ak pwochen rasanbleman li ak Grenadye yo pou match amikal ki prevwa jwe pandan mwa mas la.

Nan okazyon sa a, pèsonèl anbasad la te felisite Duckens Nazon pou gwo kontribisyon li nan kalifikasyon seleksyon nasyonal la, epi yo te salye lanmou ak atachman li genyen pou Ayiti, li kontinye fè briye sou sèn entènasyonal la.

📰 Tè Ayiti Info

Télé MétronomeRadio Television CaraibesClin d'oeilTè Ayiti Info Ingénieur Eude-wolf BovilFoot MercatoFootball Together

06/03/2026

📢 Kontra Evergreen ak Leta ayisyen an soulve kestyon

Daprè Radio Télé Métronome ki site yon rapò Fondation Je Klere (FJKL), depi lè Leta ayisyen rive fikse yon seuil koleksyon anyèl 458 milyon dola ameriken, konpayi Evergreen ki siyen kontra ak gouvènman an ki dirije pa Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ta kapab resevwa ant 15% ak 20% nan kantite lajan sa a pandan twa premye ane yo apre peryòd mobilizasyon an.

Daprè menm rapò a, òganizasyon defans dwa moun nan fè konnen menm si konpayi an pa ta fè gwo efò pou ede Leta ogmante revni li yo, Evergreen ta toujou kapab touche pati pa li nan lajan an.

Toujou daprè enfòmasyon yo, nan moman kontra a te siyen, Administration Générale des Douanes (AGD) te deja ap rapòte bay Leta ayisyen plis pase 11 milya goud pa mwa, sa ki reprezante plis pase 1 milya dola ameriken pa ane.

Avèk plafon minimòm ki fikse a 458 milyon dola ameriken, kalkil yo montre ke konpayi Evergreen ta kapab touche plis pase 1 milya dola ameriken sou yon peryòd 10 ane.

Nan rapò li a, FJKL di li regrèt sitiyasyon sa a epi li kritike Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, li akize li dèske li ta mete souverènte peyi a an kestyon.

📰 Tè Ayiti Info
Ayiti Info Radio Television CaraibesClin d'oeilIngénieur Eude-wolf Bovil

Adresse

Rue Gossin
Les Cayes

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tè Ayiti Info publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Type