25/05/2026
Chè manman yo,
Nou salye nou avèk anpil lanmou ak rekonesans pou fidelite nou toujou montre anvè bèl aktivite “Manman se Ewo” ki kon fèt chak ane nan Fane'sYard.
Nou regrèt anonse nou ke pou ane sa a, akoz travay konstriksyon yo ki toujou ap kontinye ansanm ak kèk lòt sitiyasyon difisil ki prezante, nou oblije ranvwaye edisyon Fête des Mères la pou ane pwochèn.
Desizyon sa pa fasil pou nou, men li nesesè pou nou kapab prepare epi ofri nou yon aktivite ki pi bèl, pi òganize, e ki pi memorab jan nou toujou merite li.
Nou remèsye nou anpil pou konpreyansyon nou, sipò nou ak afeksyon nou kontinye genyen pou Fane'sYard. Nou deja ap tann nou ane pwochèn pou yon pi gwo ak pi bèl selebrasyon espesyal pou tout manman ewo yo.
Avèk respè,
Fane'sYard [Pou Jud and Sam]