21/03/2026
Depi Jedi swa aprè mèkredi lè sann, malgre gwo van ensekirite kap soufle sou komin Yogann, banbou, tanbou, vaksin, konè, tchatcha, maraka pa sispann marye ak kout siflè kolonèl nan anpil bann rara ki pran lari pou kenbe tradisyon sa a ki se eritaj zanzèt nou yo kite pou nou.
Rara a, nan Yogann, se toujou gwo seremoni mistik nan aswè, gwo liminasyon nan tout lakou demanbre pou envoke tout mistè vodou yo vin bay bann yo direksyon ak pwoteksyon.
Seremoni sakre sa yo konbine ak chan tradisyonel espesyal Sanba yo ritme ak mizik, dans popilè kote yap rakonte istwa, jeneyaloji, mit ak kwayans. Yo konn pwofite chante pou denonse zak malonèt kap fèt nan sosyete a sou fòm yon jistis sosyal.
Ou konn tande granmoun yo kap di ti jenn fanm ak jenn gason yo: "Pitit, bat Pou rara pa chante sou ou" ki vle di pou yo evite fè bagay sal nan sosyete a.
Nou rive nan 5e wikenn fèt la, kote tout bann rara yo pral kave Kay Chacha san Rankin de ka-Tiyout, Rossignol Noir de Deslandes, Obéissant de Lompré, Brillant soleil de Sigueneau ak Ste Thérèse.
Okenn pèp pa ekziste san idantite kiltirèl li. URAL angajel pou kenbe ak defann rara a kom youn nan eleman dominan anndan gwo fwaye kiltirèl Ayisyen an.
Bon kav Rara Rossignol Noir De Deslandes Chacha Sans Rancune Ste Therèse Gwolo Briyant Solèy Signo de Lompré