09/04/2020
*🌟Les Jumelles🌟*
Écrit par:
Idée par:
Corrigé(e) par:
Numéro(s): (+509)38692997 / 44921669
Facebook: *Next Level Prods (NLP)*
*🌠Saison1️⃣ Episode1️⃣🌠*
Se istwa yon jèn gason yo rele , li bo, li byen kanpe, li nwa, cheve l' pidi, anfen li waw. Men pwoblèm ki genyen li chacha anpil. se kouche fi epi kite yo. Li menm fè yon team ki rele *Next Level Prods (NLP)✌🏽*.
Yon jou ale nan epidò avèk , . 😍Se konsa yo rankontre ak 3 bèl medam men nan pami yo gen yon demwazèl ki rele , se li ki plis atiran. Se konsa feyton an oral dewoule. Nou pral suiv sa ki pral pase.
: Ti mesye, banm di nou yon bagay.
: Oh konnen deja se lage pawòl la ou fini.
: Sa k' pase menm bro.
: Yèswa, mwen wè yon ti fanm.
: sa k' tonbe? Ou gentan f**k ti manzè😎?
: Ou konnen deja, mwen p'ap rate l'😋.
: M'ap vini. M'al dèyè 3 byè😉.
: Respè wi🤓
Vrèman vre kite mesye yo ap ranse, li al dèyè byè a. Gen yon tab ki gen 3 medam ki se , , . 😍Yo tou lè 3 ap pale. Ann swiv.
: Medam, an nou ale non.
: Mwen p'ap bwè byè non, petèt yon Malta.
: Ebyen ok. M'ap vini😉.
Vrèman vre, li leve l'al fè kòman l'an e apèn sa li menn ki t'ap vini, frape avèk .
: Ey jenòm! Ou ta gade kote ou prale a.
: Eskize m' bèl demwazèl, mwen te jis distrè😖.
: Pwochèn fwa, fè atansyon😡.
: Ou pa bezwen fache. Eskiz.
San di yon mo, Jennifer vire l'ale. Chender li menm retounen kot mesye yo ak yon figi fennen.
Frandy: Yow! Sa w' gen la? Ou fè figi w, w'a di e moun ki manje depi samdi an😂.
Chender: 😂Nou pa janm p'ap ranse.
Frandy: Ebyen🤷🏽♂️! Di sa k' sot rive w la non?
Chender: Se yon bèl demwazèl mwen sot wè, mwen jis frape avè l', li vekse m wi.
Torride Raj Douillet: Pou sa😂. M'panse se yon lòt bagay wi. Ou konnen se KPS nou ye? Fanm pa konn fè style sou nou mon cher.
Frandy: Montre m' li, m'al kase dan l' pou ou.
Chender:😂😂😂O! Men li banm fè yon ti rapwoche pre l'.
Torride Raj Douillet: Kondoleyans😉
Vrèman li fè yon ti apwoche, li pa pran yon minit pou li rive.
Chender: Bonswa madam!
Staphenie, Lova: Bonswa!
Chender: Mwen pa deranje nou SVP?
Jennifer: Wi, e anpil😡.
Lova: O! Kòman ou pale la? Ou wè yon moun, ou pa menm konnen l' epi se konsa w' pale. Met sajès lakay ou.
Chender: Mwen pa twò nui non. Mwen gentan wè se fason l'.
Jennifer: Medam, an nou ale.
Staphenie: Konsa menm?
Jennifer: Si nou vle rete, nou ka rete. Mwen menm, l'ale.
Vrèman, li leve epi l' vire li ale.
Lova: Eskize nou ui, se konsa l' ye. Nou ale ui. Yon lòt dwe.
Chender: Bye!
Medam yo ale. Mesye yo tèlman ap fawouche Chender, li pa fè yon bon 2 minit nan epidò a. Li ale lakay li. Nan demen, Chender ki ale nan market la, wè yon demwazèl ki rele Rose.
Chender: O! Se pa demwazèl sa mwen te wè nan epidò a. Banm pwoche, menm ke l' fè m' wont. M'ap sipòte l'.
Li fè yon to apwoche.
Chender:Salut bèl ti pitit😍!
Rose: Bonjour😍!
Chender: Non pa m' se Chender.
Rose: Enchanter🤝🏽. Non pa m' se *Rose*, men non prefere m' se *Roselandre*😍
Chender: Wawww😍. Felisitasyon👏🏽
Rose: Euh! Ui😚
Chender: Poukisa yè, ou te aji dwòl avè m' konsa, epi ou te fè m tout wont sa yo?
Pandan *Rose* pral reponn, telefòn li sone...
🌞A swiv🌞
Nou se yon gwoup jèn ki chwazi mete ansanm pou n kreye inityativ sa pou n bay yon vizibilite poziti