Temple Spirituel Ayikan

Temple Spirituel Ayikan Ansanm nou ye!

1 novanm 2024 Temple Spirituel AyikanVODOU AYISYEN AN SE NANM,VODOU AYISYEN AN SE MÒ,NAN VODOU AYISYEN AN , TOUT PWEN , ...
01/11/2024

1 novanm 2024 Temple Spirituel Ayikan

VODOU AYISYEN AN SE NANM,
VODOU AYISYEN AN SE MÒ,
NAN VODOU AYISYEN AN , TOUT PWEN , TOUT GAD, TOUT BAKA, TOUT DJAB , TOUT LWA KI MANIFESTE OUBYEN KI TRAVAY KI KONDI PA NOU, KI EDE NOU, KI KLERE CHIMEN AN POU NOU, TOUT *SE NANM* !!!

Konfizyon ki lage nan mitan nou ,
Divèsyon ki fèt nan redwi jou selebrasyon mò ak nanm nan di betiz gouye ak pase poud ak pran piman,
Fè nou pèdi reyalite ki charye tout esans espirityèl ak senbolik jou Sa yo pote. Nan vodou ayisyen, toutotan tan Ap pase n’ap pèdi pi fon.

Sa ki pat konnen Ap difisil pou konnen , anpil nan sa ki te konnen koumanse rantre nan menm dinamik alamòd la Pou yo ka parèt vre, men vrè seremoni nanm , rityèl mò yo fèt nan sekrè lakou andedan chanm kay byen fèmen ak sila ki ka konprann reyalite Sa *PASAY LANMÒ LAVI NAN FÒS ENVIZIB NANM LAN*
Fèt banbochay ak banbilay la se pou pèdi lespri fèb yo, anpil fwa tou li fèt pou kache sekrè lakou yo li byen gade. Pòdjab sila kap chèche yo e ki vle konnen tout bon yo!

Selebrasyon nanm ak mò se rekonesans fòs tè nan rejenerasyon enèji ki pap janm fini an, Sa vle di, *NOU LA, E NAP TOUJOU LA, nou jis travèse nan lòt bò a pandan nou pase nan pòtal tè*
TÈ: « youn nan pòtal ki pi gwo Nèg ki genyen »

Gen anpil koze nou ta ka di, men pou prensip spirituel ayikan an respekte,
Nou dakò pataje ak pye ki poudre nanm ki byen dipoze e lespri ki bay valè ak eritay la.

Konfizyon ak divèsyon yo pap janm sispann sitou nan dènye tan Sa yo: nou tout se konnen , nou tout se Hougan ak mambo , nou tout se tout bagay.
Se pou sa ou tande gen vodou pwòp, gen Bèl vodou, gen vodou Ginen , gen vodou lafrik elatriye….

Nou menm nan lakou AYÍKAN nou di , e nou pratike « VODOU AYISYEN » an.

Se konsa MÈT FERAY pale.



vodou ayisyentaïno legacy Queen Anakawona.
28/10/2024

vodou ayisyen
taïno legacy
Queen Anakawona.

Le vodou haïtien est sacré, suprasensible et intelligible.Nul ne peut s’approprier de son tout universel et prétendre co...
24/10/2024

Le vodou haïtien est sacré, suprasensible et intelligible.

Nul ne peut s’approprier de son tout universel et prétendre connaître sa plus intime, ultime limite et profondeur !

Enfin, personne ne peut insinuer tout maîtriser , ni affirmer une ligne droite à suivre pour parvenir à la perfection .

Le vodou n’est divisible ni par la pratique non plus par les pratiquants et adeptes.

Seul vos incompréhensions, perceptions et maladresses sont divisibles et confuses !

L’énergie est unique !
Danmbala est un!
Ogou est un!
Nous sommes divergents dans nos pratique et connaissance !

Se konsa Mèt FERAY pale

Adresse

Pecaillite
Hinche
HT9110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Temple Spirituel Ayikan publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager