Laguerre le slameur

Laguerre le slameur Se pa ou k ap banmwen w, se mwen k ap chwazi w

SIWO KÒ WSiwo kò w, se pa jis po dou, ni lalin plenSe yon trezò ki depase tout richès sou tè aYon kado, ki sòti nan yon ...
30/08/2025

SIWO KÒ W

Siwo kò w, se pa jis po dou, ni lalin plen
Se yon trezò ki depase tout richès sou tè a
Yon kado, ki sòti nan yon mond
Noumenm imen pa rive konprann.

Lè w ap mache, tè a sonje egzistans li
Lè w souri, flè yo fleri nan bonte solèy
Ou pa pale fò, men vwa w se melodi
Yon langaj se sèlman kè sensè ki tande l

Kò w se yon tanbou sakre
Chak badja se mizik ki reveye lespri
Chak souf ou se benediksyon
Yon etensèl ki geri chagren, ki bay lespwa.

Dlo beni se swè kò w
Nenpòt gason ki va goute dlo sa,
Ap konnen lanmou pi dou ke siwo kann,
Men si l trayi w,
Li va konnen jan dlo sa ka tounen flanm.

Ou s on espedisyon san maji,
Yon pwoblèm san fòmil
Ou se limyè ki pa bezwen solèy
Ou se fanm ki bay lavi gou

Ou se yon lòt kreyati.
Yon antite sakre ki pote lajwa,
soufrans, mizik, ak delivrans
Ou pa sòti sou tè
Ou sòti nan yon mond je poko wè,
Nan galaksi kote bonte fèt ak doulè dousè w

Siwo kò w
Se yon libète k ap danse sou limit lèzòm
Yon trezò ki merite respè,
Onò, lanmou, ak adorasyon.
Se pa tout gason ki ka kenbe kado sila
Paske se pa tout gason k ap rive konprann
Sa w fè ak sa ki soti nan mond ki pa imen.

OU PA TOUNEN Lank plim mwen fè kapris nan souri zetwal yo, chak fwa m kontanple wDevenn filange chans mwen nan obskirite...
17/08/2025

OU PA TOUNEN

Lank plim mwen fè kapris nan souri zetwal yo, chak fwa m kontanple w
Devenn filange chans mwen nan obskirite absans ou
Moman ki make souvni n yo met pye sou ego m
M' oblije gade bon kote de sa ki te pase yo

E se lapè pou kè m chak fwa m panse ak premye fwa m te rankontre w
Souvni n yo tankou fiti tan an ki viv sèlman nan prezan
Men istwa n egzile byen lwen nan pase

Se ou ki banm anvi viv nan move moman m yo
Lanmou w se bagay ki pi presye ke w te pataje avè m
Wa padone m si nan moman doulè w yo m pat prezan
Men! Vi a te ofri n distans malgre santiman n te reyèl

M pèdi tèt mwen chak mwen imajine w nan bra yon lòt
Gade w k ap franchi yon nouvèl etap san mwen
Se te pi gwo chatiman m isi ba
Nan tèt mwen ou pat janm sispann enkane
Mwen te refize admèt ke w p ap tounen
Paske pou mwen, ou te inik sovè ki t ap
vin retire m nan chagren
Tan an fini pa gen rezon sou mwen
Wale w pa janm tounen
Men! Kisa m te ka fè kont sa?

Depi lè w ale a vi m redui an doulè
Renmen vin yon mit pou mwen
Santiman m ajen nan livre m nan relasyon toksik
Kè m pa janm sispann kreve nan chache ranplasan w

 Lespwa pat sispann boujonnen,Jouskaske bonè fleri nan jaden kè sereLanati te kanpe avè w lè pwòch ou abandone wSolèy la...
31/07/2025



Lespwa pat sispann
boujonnen,
Jouskaske bonè fleri
nan jaden kè sere
Lanati te kanpe avè w lè
pwòch ou abandone w
Solèy la te konn
rechofe w lè
frison vle pran w
Lalin nan te limyè w
nan fè nwa

Lè somèy dispanse w,
zwazo nan syèl la chante pou ou.
Ziwondèl pat sispann
file w anpansan lespri w
zo mangay
Men anj gadyen w
pat lache w yon
may

Malgre move sezon,
gwo van, siklòn
ou reziste
Paske w gen
bon rasin
Ou jwenn fondè
bonte w nan rivyè
masak

Ou santi w puisan chak
ou venk move zèb ki
anpeche w grandi
Ou grandi san gadò
Ou konbat tout lide
zobop
W aprann ret pou kò w
lè w reyalize joumou pa
donnen kalbas
Ou viv san kontrent
jouk ou rive ekri yon
nouvèl paj nan istwa
lavi

Souri n make chagrenNou fidèl sof ak pawòl nouLamanjay fè n lennminap viv san legzistans Kouraj nou ajenNou bouke sede p...
04/07/2025

Souri n make chagren
Nou fidèl sof ak pawòl nou
Lamanjay fè n lennmi
nap viv san legzistans
Kouraj nou ajen

Nou bouke sede pou n pa desede
Nou bouke goumen ak sanfwa n
pou n pa pèdi lafwa
Nou bouke triyonfe san lespwa
Nou bouke pwoteje pandan nou
anba yon maswife

Chak eleksyon yo pwomèt nou chanjman
Aprè yo fè lamizè fè lago sou l anvi nou
Trip nou se kòd gita grangou
si gwo nèg se leta, enbyen malè
se sèl chèf nou

"Il ne s'agit pas de savoir qui vous veut, mais de savoir qui continue de vous choisir constamment" ❤️‍🔥
01/07/2025

"Il ne s'agit pas de savoir qui vous veut, mais de savoir qui continue de vous choisir constamment" ❤️‍🔥

OU MANKE MOu manke m Tankou lalin manke syèl li lè nyaj kouvri l.Ou manke mTankou lanmè ki pa gen vag.Ou manke mTankou l...
29/06/2025

OU MANKE M

Ou manke m
Tankou lalin manke
syèl li lè nyaj kouvri l.
Ou manke m
Tankou lanmè ki pa gen vag.
Ou manke m
Tankou lavi ki pèdi sans li san
chalè w.

Lè w pa bò kote m,
Silans fè bri pase loray
Chérie!
Loray kraze lanmou si w pa
tounen m ap fou
M ap fou san fè pen
Pen kotidyen w manke m grav
Mwen wè reflè w nan atitid mwen yo.
San ou!
M se yon tè san papye san notè
Mwen se yon fim san aktè,
Yon move tan san kout zèklè

Ou manke m
Tankou yon bebe ki swaf lèt manman l
Ou manke m tankou yo te entèdi leta
Ayisyen bwè san entèlektyèl
Ou tèlman manke m, solitid pè chita
sou menm tab avè m

Absans ou pa yon senp mank,
Men tankou yon souf ize k ap
tann konsekrasyon l dezespereman
nan rityèl lanmò
Tankou yon pati nan mwen egzile

Si w te ka li nan panse m,
Ou t ap wè san prezans ou m san sans
Depi lè w ale a m bwè san sou
Sans ou se gid mwen
Si w pa tounen,
Ankò mwen p ap renmen
Nan je tout fanm m ap yon kreten

Lapenn anvayi m lè m chagren lanmou w
M santi m vle pèdi rezon l egzistans mwen
Ou manke m plis pase sa ou ka imajine
Sou chèz l espwa m mwen chita
ap tann retou w.
Yon kè k ap tann prezans ou an silans

Chapo ba pou nouvo fanatik mwen yo! Mwen vrèman kontan konekte avèk nou! Kaliboy Up, Don Pelick Rrsfm Felix, Wildoph Nem...
20/06/2025

Chapo ba pou nouvo fanatik mwen yo! Mwen vrèman kontan konekte avèk nou! Kaliboy Up, Don Pelick Rrsfm Felix, Wildoph Nemours, Bobby Shmurda, Phadael Meus, Mentor Nelson, Hevensky Josehp, Tinito Dzc, Mitchayda Saradjina Simeus, Lily Ja Dex, Aneilla Monace, Jan Wisner Altema, Webster Joseph, Leydji Gee Garçon, Juana Miledis Perez

YON TAFYATÈ AMOURE Mwen bwè w chak swa  san mezi, san fren, san refrenrefren w se melodi prefere m Nan chan boutèy sen m...
18/06/2025

YON TAFYATÈ AMOURE

Mwen bwè w chak swa
san mezi, san fren, san refren
refren w se melodi prefere m
Nan chan boutèy sen michèl
Ou se yon tafya ki pa bezwen tranpe
pou mete dife nan san m

Mwen sou ou,
Sou ou tankou tatou
Cheri! Sans mwen p ap rate pa nan
kadans koulè
Kadans te fè move chwa,
Mwen m' chwazi koulè w
Koulè w, gou lèv ou se labirent prefere m
chak souri w se tankou yon boutèy
ki plen ak sans mwen ladan.

Mwen se yon tafyatè amoure,
m sou, m dou
Woulib mwen se panse w,
Tafya prefere m se krache w
Krache w se sentsèn mwen
chak dimanch maten

Ou fè m danse sou balans santiman
ki souke m plis pase tafya Ginen.
Kè m sou tab,
chak batman se yon towo lagon
ki mete m tèt anba lè w pase.

Yo di tafya detwi lespri,
men lanmou w, li boule nanm mwen
san li pa janm mete m deyò.

Mwen pa ka sispann bwè w
paske w se sèl sou ki sou,
M wè sou k ap fè sousou lè m sou
Men koulè w fè m viv toutbon.

M renmen w, wi…
tankou yon tafyatè amoure
ki pèdi tèt li nan je yon boutèy ki pale.

11/06/2025

PAWÒL YON BOUTÈYMwen bwè pou m pase strèsPaske lè m sou koulè!m wè koulè doulè m yo blanch tankou nèjDèfwa kleren an fè ...
09/06/2025

PAWÒL YON BOUTÈY

Mwen bwè pou m pase strès
Paske lè m sou koulè!
m wè koulè doulè m yo blanch tankou nèj
Dèfwa kleren an fè m bliye tout sousi lavi
Konsa tou lè m bwèl twòp bon sans mwen l
aneyanti

Yo di l s on move konpayon,
mwen pap di manti
Men'l toujou la pou mwen sof lè m razè
Kleren an se yon relijyon,
depi wap bwèl san règ li ka fè w vin sanrèg
Li pa nan achte figi konsa tou l pa nan patipri

Kleren pa nan zanmitay
Depi w nan tchoulay li chak jou
Se rete w rete wè w vin mèg
Lap s***e kràn ou jouskaske w dèd

Gen yon jan l jwe nan may mwen li
fè m vin saj
Lè m bwèl pou safte li banm latwoublay

Move eksperyans kè brize fè m wè koulè sou
Lè m sou koulè m' aprann afwonte pèn
mwen sanm pa sou

E lè m sou
Mwen pale tout koze,
sekrè patnè m yo m anvi devwale
Depi ou di m bb nou tou renmen
Paske kleren an fè m thug anmenm tan

Olye m bwè alkòl mwen pito bwè kleren
M' konnen w pral di m sou
Alkòl la se lè l gen kleren ladan
Tafya a se non yo bali a

M genlè sou vre wi

Adresse

Gonaïves

Téléphone

+50934096763

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Laguerre le slameur publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Laguerre le slameur:

Partager

Type