11/03/2026
Flash: 🚨‼️ Yon ansyen sòlda Kolonbyen, Edwin Blanquicet Rodríguez, di li kwè ansyen Prezidan Ayiti a, Jovenel Moïse te ka deja m@uri anvan gwoup Kolonbyen yo rive lakay li nan nwit 7 jiyè 2021.
Nan yon depozisyon nan tribinal Ozetazini, li rakonte ke apre atak la, lapolis ayisyen te louvri kout b@l sou yo. Li di li te tande yon sòlda Kolonbyen ki te blese ap mande pou yo pa t@uye li.
Kèk segonn apre, yo t!re li. Sòlda sa a te “Duberney Capador Girald”, youn nan lidè gwoup la.
Blanquicet di Capador te resevwa yon b@l nan tèt, tankou yon egzekisyon.
Temwayaj sa a parèt pandan yon gwo pwosè federal Ozetazini kont plizyè moun ki soti nan Sid Florid yo akize kòm patisipan nan konplo pou as@sinen yon chèf deta etranje.
Pami akize yo genyen yon doktè ayisyen ki te viv yon pati nan tan li nan Florid, Christian Emmanuel Sanon, ki dapre ankèt la te vle ranplase Moïse kòm prezidan.
Blanquicet di li menm ak plizyè lòt ansyen sòlda Kolonbyen te rekrite pou yon travay sekirite. Yo te fè yo kwè yo t ap travay pou pwoteje yon “VIP” oswa pou travay nan yon pwojè plant idwoelektrik nan vil Jakmèl. Yo te di salè a t ap anviwon $2,800 pa mwa.
Sepandan, lè yo rive Ayiti, plan an te chanje. Yo te mennen yo nan yon otèl nan Pòtoprens epi yo te di yo pral fè yon operasyon ki gen rapò ak sitiyasyon politik peyi a.
Blanquicet di nan nwit operasyon an, li pa t menm gen zam paske pa t gen ase zam pou tout moun. Li di tou lè konvwa a t ap monte nan zòn Pèlerin 5 kote prezidan an te rete, li te tande kout zam deja ap tire.
Li di li te menm wè plizyè moun ap kouri soti dèyè kay la anvan Kolonbyen yo antre nan zòn nan. Sa fè li kwè ke yon lòt gwoup te deja la.
“Sa te sanble ak yon sèn teyat, tankou tout bagay te deja planifye,” li di nan depozisyon li.
Pwokirè ameriken yo gen yon lòt vèsyon. Yo di temwen ki te siviv nan fanmi Moïse la konfime ke moun ki te antre nan kay la se te gason ki pale panyòl, ki te gen z@m otomatik, e se yo ki te t@uye prezidan an.
Dapre ankèt balistik, b@l ki te frape prezidan an ak madanm li Martine Moïse soti nan yon f!zi AR-15 ki te nan men mès@nè Kolonbyen yo.
Men Blanquicet ensiste ke lapolis ayisyen pa t janm gen entansyon arete yo vivan.
“Si yo te mande nou rann nou, nou tout t ap rann nou,” li di. “Yo pa t vle nou rann nou.”
Li di lè li eseye rann tèt li, lapolis te kite foul moun yo atake li. Li te resevwa plizyè kout manchèt, zo tèt li te kraze, epi youn nan men li prèske pèdi.
Temwayaj Blanquicet la relanse kestyon ki toujou ap poze depi plizyè ane:
Èske prezidan Jovenel Moïse te deja as@sinen anvan gwoup Kolonbyen yo te rive lakay li oswa se yo menm ki ki t@uye li?
Pwosè ki ap dewoule Ozetazini an espere pote plis limyè sou k@nplo ki te mennen ak as@sina ansyen chèf leta ayisyen an, Jovenel Moise.