21/03/2026
21 Mas, se jounen entènasyonal forè, se moman pou nou konnen ak konprann ròl santral forè jwe nan ekonomi yo.
🌱Forè yo kreye travay, yo asire vi miyò pou anpil moun nan planèt sa a, yo kontribye nan ekonomi mondyal la tou pandan y ap founi dlo potab, enèji ak patisipe nan ekilib klima a.
🌎Tèm pou ane sa a se "Forè yo ak ekonomi yo", li konsantre sou ròl esansyèl nan prosperite ak devlòpman dirab.
♻️Kounya peyi yo ap oryante yo nan biyoekonomi dirab, produi forestye yo bay solisyon ki fonde sou nati a ak opòtinite ekonomik ki pot ko janm gen.
💚Ankouraje ak pataje l si w ap soutni forè yo