Fenèt kiltirèl

Fenèt kiltirèl Fenèt kiltirèl, le journal culturel de la Télévision Nationale d'Haïti diffusé du lundi au vendredi à partir de 8 heures 30 pm. Reprise 11hres am.

Le rendez-vous culturel à ne pas rater ! Contactez-nous à
[email protected]

19/11/2025
Konptriyòt nou an nan kous la toujou   avèk liv li " Passagères de nuit "
07/10/2025

Konptriyòt nou an nan kous la toujou avèk liv li " Passagères de nuit "

Les 8 romans composant la 2ème sélection Goncourt. Les 4 finalistes seront connus le mardi 28 octobre, le prix Goncourt décerné le 4 novembre 📚📚

28/08/2025

Le chanteur Gary Didier Perez a perdu le combat contre le diabète. Il est décédé cet après-midi dans un hopital aux Etats-Unis.

Nous envoyons nos sympathies à ses proches et toute la communauté musicale affectée par son départ.

05/08/2025

Pou make 70 lane egzistans konpa dirèk, plizyè jèn fòmasyon mizikal ak gwoup evanjelik bay pèfòmans yo samedi 26 jiyè 2025 lan, sou plas bwaye ki twouve l nan komin petyonvil.

Evenman sa ki fèt anba lobedyans HANDZUP GWOUP nan tèt kole ak ministè kilti ak kominikasyon, dewoule anba tèm "Konpa, 70 ans de cadences, le coeur d'Haïti en mouvement. Un souffle, un rythme, une fierté".

se atis konfime ki te gen privilèj klotire selebrasyon sa ki vize onore gwo eritaj sa Nemours Jean Baptiste mouri kite

repotaj : Vladimy Dartois ak Jean Fleury

29/07/2025

02 jiyè 2025 l'an, te make selebrasyon "Jounen nasyonal touris, devlopman lokal ak rejyonal".
Ministè touris, ministè kilti ak kominikasyon nan tèt kole ak primati, onore pent Eddy Gaëtan pou ansanm travay li reyalize depi anviwon 25 lane.
Pou okazyon prèske yon karantèn tablo Eddy Gaëtan te ekspoze nan jaden otel karibe a.



18/07/2025

Jèn atizan ayisyen an Ramens Élima lanse premye tenis atizanal li ki batize "Zokòt", yon tenis fèt 100% a la men an Ayiti.

Ramens Élima se fondatè mak , yon antrepriz ki mete talan lokal an valè atravè pwodiksyon valiz, sentiwon, bous ak sandale.

Antrepriz sa se ekspresyon vizyon pasyon Ramens pou atizana, epi se yon mwayen pou I kontribiye nan chanje lavi plis jèn atravè metye kòdonri.
Vwa ak tèks : Darlyne Damus

17/07/2025

Platfòm Vwa Fanm Ayisyèn reyalize
premye edisyon "Festival de la
littérature féminine haïtienne" pandan 3
jou nan sant kiltirèl Brazil-Ayiti.

Soti 12 pou rive 14 jen 2025 lan divès fanm
ekriven, lektèz ak editèz te rasanble
anba senbòl literati.
"Femme, plume, résistance et révolte"
se anba tèm sa a evenman an dewoule
pou selebre divèsite, richès ak
angajman ekriven fanm yo nan literati
ayisyèn nan.

Tèks ak vwa : Alix Math Louis-Charles

16/07/2025

Konfli ki genyen ant Roberto Martino,Jean Herard AKA Richie ak Ti Joe zenny sou ajansman pèfomans yo nan line up bal yo, pa sispann lakoz diskisyon nan lopinyon.
Animatè Jean Robert Raymond ki fe kwè ,konfli sou kesyon plasman jazz yo pa yon bagay nouvo. Li evoke disfonksyonman biznis mizik la nan peyi Dayiti kom Prensipal rezon ki lakòz sitiyasyon sa.
Emmanuel Christopher Joseph AK Cleefeson jean ap di Nou plis sou dosye sa.

14/07/2025

Jean Civilus anpil moun konnen sou non Jean D'Amérique, fè konnen li fini ak premye s*k literè li ak piblikasyon dizyèm liv li nan entèval dis lane epi anonse yon zev dramatik an 2 pati ki titre "Chants de grève. Avilir les ténèbres". Anons lan fèt sou rezo sosyal ekriven an nan dat 28 jen 2025 l'an. Etap sa a kouwonnen selon jean D'Amérique, bon jan efo li reyalize nan domèn l'an.

ssahidna_a

13/07/2025

3èm edisyon " Best Modèl Fashion show
Wilgo Agency òganize twazyem edisyon "Best Model Fashion show " li, samedi 5 jiyè 2025 lan .
Nan ‘’ entre nous restaurant " ki chita kòl nan Dèlma 79
Anviwon yon trantèn jèn mànken te defile ak rad ki soti nan 5 koleksyon dizaynè diferan
Anderson Alexandre ak Jean Fleury



Adresse

233, AutoRoute De Delmas Et De Delmas 33
Delmas

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fenèt kiltirèl publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager