Zanmerant Media

Zanmerant Media Zanmerant Media se yon medya an liy ki mete kilti, kreyativite, ak idantite nan sant misyon li.

Nou travay pou valorize richès kiltirèl, talan lokal, ak aktivite atistik atravè enfòmasyon, repòtaj, entèvyou, ak pwodiksyon kontni kalite.

Yon lòt fwa ankò ZANMITAY PLIS envite tout piblik lan an jeneral  nan 4e edisyon FOIRE DE LA RENAISSANCE (GASTRO - ARTIS...
15/05/2026

Yon lòt fwa ankò ZANMITAY PLIS envite tout piblik lan an jeneral nan 4e edisyon FOIRE DE LA RENAISSANCE (GASTRO - ARTISANALE) k ap fèt nan ESCAPE CLUB DELMAS 83 Lendi k ap 18 me a depi 10h nan maten pou tout jounen an. Kèk imaj konferans press yo t fè yè ki te 14 me a nan ESCAPE CLUB

Kredi Foto: Camelita Adrien
k ap suiv@gwo fanatik yo

Premye jounen fwa gwoup Eritaj 1 me 2026
03/05/2026

Premye jounen fwa gwoup Eritaj
1 me 2026

26 avril te make peyi an ak pi gwo fwa ki toujou fèt chak ane ki se Expo Jeunes. Se te bèl bagay an n gade ansanm ak Zan...
02/05/2026

26 avril te make peyi an ak pi gwo fwa ki toujou fèt chak ane ki se Expo Jeunes. Se te bèl bagay an n gade ansanm ak Zanmerant kèk imaj jounen sa.

Kredi Foto: Victor Frédeline

An n f on kout je nan fwa Expo Jeunes jounen 26 avril lan. Se te yon bèl eksperyans ak bon jan vibe kiltirèl Kredi foto:...
28/04/2026

An n f on kout je nan fwa Expo Jeunes jounen 26 avril lan. Se te yon bèl eksperyans ak bon jan vibe kiltirèl
Kredi foto: Tamira Anteus


Cindy Auguste Atchaba Vanyan Adolphe Djenny Cassandrine Destima Victor Frédeline

Nan yon anbyans chaje ak emosyon,  fyète kiltirèl, Nanm Vodoua selebre katriyèm anivèsè li nan Centre Culturel Brésil-Ha...
06/04/2026

Nan yon anbyans chaje ak emosyon, fyète kiltirèl, Nanm Vodoua selebre katriyèm anivèsè li nan Centre Culturel Brésil-Haïti. Evènman sa a te rasanble plizyè atis, amatè mizik rasin, ak moun ki angaje nan pwomosyon richès eritaj ayisyen an.

Nanm Vodoua se yon gwoup rasin ki chante piman Vodou. Depi kreyasyon li, li chwazi pote sou sèn nan son tanbou, chante tradisyonèl ak enèji mistik ki sòti dirèkteman nan rasin espirityèl peyi a. Atravè mizik li, gwoup la pa sèlman bay pèfòmans, men li rakonte istwa, li reveye memwa, epi li fè koneksyon ant jenerasyon yo.

fans Atchaba Vanyan Cindy Auguste Adolphe Djenny
NANM

06/04/2026

Nan yon anbyans chaje ak emosyon, fyète kiltirèl, Nanm Vodoua selebre katriyèm anivèsè li nan Centre Culturel Brésil-Haïti. Evènman sa a te rasanble plizyè atis, amatè mizik rasin, ak moun ki angaje nan pwomosyon richès eritaj ayisyen an.

Nanm Vodoua se yon gwoup rasin ki chante piman Vodou. Depi kreyasyon li, li chwazi pote sou sèn nan son tanbou, chante tradisyonèl ak enèji mistik ki sòti dirèkteman nan rasin espirityèl peyi a. Atravè mizik li, gwoup la pa sèlman bay pèfòmans, men li rakonte istwa, li reveye memwa, epi li fè koneksyon ant jenerasyon yo.
fans Atchaba Vanyan Cindy Auguste Adolphe Djenny
NANM

Rara se youn nan pi gwo fòm ekspresyon kiltirèl ak mizikal nou genyen an Ayiti. Li pa sèlman mizik li se yon mouvman, yo...
03/04/2026

Rara se youn nan pi gwo fòm ekspresyon kiltirèl ak mizikal nou genyen an Ayiti. Li pa sèlman mizik li se yon mouvman, yon lavi, yon lespri ki mare ak relijyon, istwa, ak kominote.
Pou mete respè sou tradisyon sa Ayiti Rasanble pote nou FESTI RARA.
An n gade ansanm 2èm jounen an

Kredi Foto: Atchaba Vanyan

fans Cindy Auguste

09/02/2026

Nan pèfòmans li nan Super Bowl la, Bad Bunny pa t sèlman bay yon gwo show mizikal, li te voye yon mesaj klè sou fason li konprann Amerik la. Lè li site Ayiti pami lòt peyi yo, se pa t aza. Se te yon jès konsyan ki montre li rekonèt ke Amerik pa limite ak Etazini, men li enkli tout pèp ki pote listwa, doulè, ak kontribisyon yo ladan l.

Nan yon sèn kote anpil peyi souvan efase, non Ayiti a te sonnen tankou yon rapèl fò: pèp ayisyen egziste, reziste, epi fè pati idantite kontinan an. Pa aksyon sa a, Bad Bunny montre li konprann Amerik kòm yon espas melanje, kote rasin nwa ak karayib yo gen plas yo.

Pèfòmans lan tounen konsa yon zak solidarite ak respè, ki depase mizik pou l vin yon pozisyon kiltirèl klè.

03/02/2026

Bon mwa fevriye!

Adresse

Delmas
6110

Téléphone

+50942357378

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Zanmerant Media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager