Taktik-promo

Taktik-promo Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Taktik-promo, Art, delmas, Delmas.

Milyonè sou moun, raketè.Morvan frape   nan zafè achte avyon an aprè ti jèn gason 29 lane sa ta fin achte konpani   ki n...
10/05/2026

Milyonè sou moun, raketè.

Morvan frape nan zafè achte avyon an aprè ti jèn gason 29 lane sa ta fin achte konpani ki nan moman nap pale la deklare fayit.

Kite m raple w ke youn nan gwo bout antreprenè nou gen nan diaspora ta gen anvi ht kek avyon nan lide pou li ta kreye yon liy pou .

Ebyen Morvan reyaji konsa.

Ti jenn sa, a 29 ans li an, ap vini premye nèg nwè ki gen konpayi Airlines nan usa 🇺🇸 aprè li fin achte Spirit... Sa yo se bon milyonè ki pa ni soumoun ni raketè. Mwen ak Janmsotba pral achte Air Canada pou kou fèl vin Air D'Haïti pou Ayisyen ka gen ligne pa yo..

Kisa w panse de projè JhonsonNapoleon an?

🚨 Gwo panik nan Tigwav yè swa! 😳Sirèn 2 elikoptè yo te fè tout vil la tranble pandan plis pase 30 minit 😰✈️Komisè polis ...
10/05/2026

🚨 Gwo panik nan Tigwav yè swa! 😳
Sirèn 2 elikoptè yo te fè tout vil la tranble pandan plis pase 30 minit 😰✈️
Komisè polis la di pa t gen okenn atak sou vil la, malgre rafal kout zam anpil moun te tande yo. Selon li, tout mouvman yo te deja anba kontwòl lapolis 👮‍♂️
2 moun menm te rive arete pandan operasyon an 😮 Men apre verifikasyon, yo te rann yo lib paske se te senp sitwayen ki t ap chèche lavi sou lanmè 🌊🙏
📌 Tigwav pase yon nwit anba gwo tansyon…
Kisa nou panse de sa ki te pase a? 🤔🇭🇹

Nan yon entèvyou li bay jounal Tribune Populaire, Komisè polis komin Tigwav la te eseye bay kèk eksplikasyon sou gwo tansyon ak panik ki te anvayi vil la yè swa.

Daprè komisè a, de elikoptè ki t ap fè gwo sirèn pandan anviwon 30 a 35 minit yo te kreye yon klima laperèz nan tout komin nan. Li fè konnen lapolis te deja pran tout dispozisyon nesesè pou kontwole sitiyasyon an ak mouvman elikoptè yo.

Komisè a te ajoute tou rafal kout zam popilasyon an te tande yo pa t gen okenn rapò ak yon atak sou vil la, paske daprè li kout zam sa yo te fèt sou lanmè. Li presize lapolis te deja mete tout bò lanmè yo anba siveyans ak kontwòl.

Nan menm entèvyou a, li fè konnen lapolis te arete 2 endividi pandan operasyon yo t ap mennen pou mete sitiyasyon an anba kontwòl. Men apre verifikasyon, otorite yo te rann yo kont de moun sa yo pa t gen okenn lyen ak aktivite kriminèl. Se te senp sitwayen ki t ap chèche lavi sou yon ti chaloup. Jodi maten an, yo te lage yo pou yo te kapab retounen jwenn fanmi yo.

📽 Nan yon enterview Jacques Sauveur Jean( Jakito) misye di kelke èd tan avan Jovenel Moïse mouri lite nan telefòn ak li ...
10/05/2026

📽 Nan yon enterview Jacques Sauveur Jean( Jakito) misye di kelke èd tan avan Jovenel Moïse mouri lite nan telefòn ak li epi l di " Jacques nèg yo ap tiye m" Sa montre m Jovenel te bèl e byen konnen ke lap mouri e Jovenel patka anpeche lanmò sa a podyab

⭕️ Malgre anpil nan pèp fatra sa di Jovenel mouri pou enterèl se pa pou pèp ni se pa pou peyi sepandan Jovenel pagen kay nan peyi blan, pitit Jovenel tap viv nan peyi a e Jovenel tap kite pouvwa li tap rete lakay nan Nodwès tankou Preval te fèl.

⚠️ Sèl bagay se sou Jovenel mw konn anpil bagay de sektè prive se sou Jovenel mw konnen Ayiti tap peye 12 Milyon dola chak pou blakawout 1 Milya 200 milyon dola chak 5ans nan ti Ayiti sa m wè la ki pagen lopital,ki pagen wout, ki pagen elektrisite men lap bay Milya se Jovenel kite rakonte sa piblik men se byen malere Jojo te sèl paske zye nou te bouche.

M salye tout moun,tout ayisyen konsekan jodia samedi 9mai nom pam  se gwo lwa.M te chwazi gade silans poum te wè pozisyo...
10/05/2026

M salye tout moun,tout ayisyen konsekan jodia samedi 9mai nom pam se gwo lwa.
M te chwazi gade silans poum te wè pozisyon tout moun sou sa kap pase nan plèn nan.menm wè gen anpil divèsyon kap fèt pou fè konnen se taliban ki vin leve gè.kòm mwen wè gen yon vérité ki paka pale nèg yo konnen byen Sak mennen prezans taliban nan plèn nan ni nan tèt pon an.
Rezon an se sa(plizyè fwa kamyon fin peye pòs peyaj divivye nèg swiv li vin pranl antre avèl sou zòn pyè6)
Kamyonèt madan sara moun ki leve bonè pral defann yo.nèg a zam kanpe ap fouye yo sou wout la anpil plenyen rive jwenn mwen e gen menm moun zòn mwen ki viktim de zak sa sou wout la.
Taliban pat desann nan plèn nan poul rete ni pou vin batay nou desann pou gade ki group nèg kap fè jan de zak sa sou wout la.men se byen domaj lèm konstate tout nèg ki tap fè divèsyon te enplike nan deriv sa.san poze kesyon San konnen ki objektif ki met prezans taliban sou wout la se bal yo ouvè sou nou.e nou tout konnen byen zam pa kouri devan zam.wout la fèmen pou moun kap pase pa viktim pou kamyon sispann pèdi,pou madan sara yo sispann fouye pran ti sa yo pral vann.Gwo lwa te toujou vle lapè paske epa mwen ki leve gè e anyen paka fè taliban pa fè sa yo rele(légitime défense)
Mach ka toujou fèt,djalòg ka toujou fèt men Kiyes kap ka di Eske kamyon ap sispann pèdi,eske ti machann ap sispann fouye.
Nou pa elmi pyès moun ,nou pa gen poblêm pèsonèl ak pyès moun.men zak kap fèt sou wout la fòl sispann e taliban la pou founi je gade jiskaske sa fini ☑️
Anpil senpati ak moun ki deplase pandan moman sa.m felisite kouraj chak moun ki konprann ke sa kap pase a dwe gon solisyon.
Ete frè nou Gwo lwa🤝

🚨 Dephnica soeur Ariana konfime Ariana pa ak  Gaetan, gwo Queen nan pagen menaj se sa li deklare nan yon live TikTok li ...
10/05/2026

🚨 Dephnica soeur Ariana konfime Ariana pa ak Gaetan, gwo Queen nan pagen menaj se sa li deklare nan yon live TikTok li fè konnen Ariana se yon Selibatè lib, li di sa fè lontan sè l la pa gen relasyon sentimantal ak pyès gason.

Pou moun ki te konn ap di Ariana gen mennaj la, ebyen sè l la demanti sa nan yon video Kote li deklare Ariana pa gen mennaj.

Tour du monde

Jan nap gadel la gwo zam sa yo se Etazini yo sòti al masakre malere malerèz.Sa se lanmò 100 jou kap mache nan kwadèboukè...
10/05/2026

Jan nap gadel la gwo zam sa yo se Etazini yo sòti al masakre malere malerèz.Sa se lanmò 100 jou kap mache nan kwadèboukè san pwoblèm epi avèk pil zam li nan menn epi anpil jèn AK zam yo pa gen pwoblèm gade pa anba nan foto a se pèp la gang ap masakre pèp la pran lari ap mande sekirite ebyen le polis pa al dèyè gang yo non ebyen se pèp la le polis ap masakre Nou pa konprann toujou pèp la? Ebyen yon konplo pou disparèk Nou pa gen rete kouche ap gade yo kap disparèt Nou leve pèp la

⭕️ENFO | Se Amira Fox, pwokirè ameriken nan Florida ki anonse sa, jedi 7 me 2026 la. Pwokirè a deklare, e nap site : « k...
08/05/2026

⭕️ENFO | Se Amira Fox, pwokirè ameriken nan Florida ki anonse sa, jedi 7 me 2026 la. Pwokirè a deklare, e nap site : « krim vyolan sa a Rolbert Joachim te fè anba ponp gaz la nan Fort Myers sou Nilufa Easmın, yon sitwayèn ki soti Bengladesh, se yon krim ekstrèm, ki paka jistifye ». « Mwen di mèsi a gran jiri nan rejyon an ki te gade, epi egzaminen prèv yo nan kad dosye sa a. Mwen konnen sa pat fasil », se sa Amira Fox deklare. Pwokirè a di yap pini Joachim nan tout mezi lalwa prevwa, e yap chache ba li pèn lanmò nan ka sa | Fox News

07/05/2026
Ariana’s caricature! ❤️
07/05/2026

Ariana’s caricature! ❤️

Adresse

Delmas
Delmas
509

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Taktik-promo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Catégorie