12/08/2026
BWA KAYIMAN 1791 – AYITI 2026
Nan okazyon 14 Dawout, Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne envite nou nan yon kozri sou youn nan moman ki pi enpòtan nan memwa istorik pèp ayisyen an.
« Bwa Kayiman 1791 – Ayiti 2026 : Soti nan yon batay pou libète pou rive nan yon batay pou souverènte, èske Ayiti toujou ap chèche vrèman libète li? »
Yon moman pou nou sonje listwa nou, reflechi sou eritaj Bwa Kayiman epi poze tèt nou kesyon sou Ayiti nou vle bati jodi a.
📅 14 Dawout 2026
⏰ 3è nan aprè midi
📍 Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne
Ann vini reflechi, diskite epi fè memwa nou viv. 🇭🇹