06/12/2025
Mackendo Leger se youn nan nouvo figi k ap monte nan mond abitraj ayisyen an. Non konplè jèn ofisyèl la se Mackendo Leger, yon abit ki sòti Blanchard nan zòn Laplèn, epi ki antre nan metye a depi ane 2021. Malgre li poko gen anpil ane eksperyans, li rive pwouve talan li e li plase tèt li kòm youn nan abit ki gen yon avni pwomèt nan foutbòl ayisyen an. Jodi a, li deja rive nan kategori D1, sa ki montre devouman ak disiplin li.
Premye pa li nan Metye a, Mackendo kòmanse ofisye kòm abit depi 2021, epi nan kèk ane sèlman, li deja dirije plizyè match enpòtan tankou gwo konfwontasyon Victory kont Barcelone de Carrefour. Menm si li poko gen anpil reyalizasyon ofisyèl sou papye, li deja fè non li tande gras ak konpòtman li sou teren an, kote tanperaman li, kalm li ak koreksyon li toujou atire respè.
Yon Match Enpòtan nan Karyè li : Racing Club Haïtien kont America FC Des Cayes
Pou senkyèm jounen Lig Ayisyèn Foutbòl la, match Racing Club Haïtien kont America FC Des Cayes la gen yon enpòtans espesyal pou Mackendo. Se premye fwa li pral ofisye kòm abit prensipal nan yon match D1, yon etap ki make yon gwo moman nan karyè yon abit. Nan yon rankont konsa, li dwe fè respekte règ jwèt la, jere presyon, kenbe kontwòl atmosfè match la epi asire entegrite ak jistis nan tout aksyon ki fèt sou teren an. Otorite yo gen gwo atant pou li, yo swete wè kalm li, presizyon li, endepandans li ak kapasite li pou kontwole yon match gwo nivo.
Objektif ak Vizyon l, Pou Mackendo, sa l ap viv jodi a se sèlman kòmansman an. Li gen objektif pou li kontinye travay san rete pou li rive nan pi gwo nivo yo. Li menm li di sa konsa :
“Objektif la se travay plis pou m atenn pi wo nivo a.”
Lè yo mande l ki mesaj li ta bay jèn ki ta renmen antre nan metye abit la, repons li senp men fò :
“Travay, travay, travay san relach.”
Pawòl sa yo montre filozofi li : pa gen siksè san sakrifis.
Yon Istwa Kouraj ak Sakrifis, Chemen Mackendo pa t fasil. Li rakonte kijan li te konn kite kay li depi 5è nan maten pou li te kapab rive nan estad la pou antrennman a 6è, malgre tout risk ak ensekirite ki te genyen. Paran li te konn avèti li, men sa pa t janm dekouraje li. Jan li di li :
“Malgre tout sa paran m tap di m akoz ensekirite a, m pa t janm dekouraje. M te toujou rete motive.”
Mizè ak sakrifis sa yo fè li vin tounen yon modèl pou anpil jèn k ap chèche yon wout nan lavi.
Fyè pou Reprezante Ayiti, Pou Mackendo, se yon gwo fyète pou li reprezante Ayiti nan nivo sa a. Li santi li gen yon misyon pou pote plis pwofesyonalis nan metye abitraj la epi montre ke jèn ki soti nan zòn ki pa gen anpil mwayen kapab rive lwen lè yo kwè nan tèt yo. Repons li a lè yo mande l kijan li santi l sou siksè li yo te klè : “Wi, m fyè anpil.”
Istwa Mackendo Leger la se prèv ke rèv posib lè gen detèminasyon, disiplin ak pasyans. Pakou li a pa sèlman tras yon abit k ap monte, men li se modèl yon jèn ki refize lage malgre tout difikilte yo. Avni l devan l, e anpil kwè li kapab tounen youn nan pi gwo abit peyi a si li kontinye travay ak menm enèji a.